Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 27:7-16 in Haitian

Help us?

Pwovèb 27:7-16 in Bib La

7 Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.
8 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.
9 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
10 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
11 Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.
12 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
13 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
14 Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.
15 Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.
16 Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
Pwovèb 27 in Bib La