Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 27:19-26 in Haitian

Help us?

Pwovèb 27:19-26 in Bib La

19 Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.
20 Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
21 Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
22 Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.
23 Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.
24 Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.
25 Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.
26 Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.
Pwovèb 27 in Bib La