Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 27:1-20 in Haitian

Help us?

Pwovèb 27:1-20 in Bib La

1 Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.
2 Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
3 Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.
4 Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?
5 Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.
6 Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.
7 Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.
8 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.
9 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
10 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
11 Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.
12 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
13 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
14 Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.
15 Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.
16 Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
17 Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
18 Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
19 Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.
20 Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
Pwovèb 27 in Bib La