Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 25:3-7 in Haitian

Help us?

Pwovèb 25:3-7 in Bib La

3 Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa.
4 Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.
5 Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis.
6 Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.
7 Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.
Pwovèb 25 in Bib La