Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 22:5-25 in Haitian

Help us?

Pwovèb 22:5-25 in Bib La

5 Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.
6 Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.
7 Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.
8 Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.
9 Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
10 Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.
11 Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
12 Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
13 Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.
14 Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
15 Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
16 Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.
17 Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
18 L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.
19 Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.
20 Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.
21 Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:
22 Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.
23 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
24 Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.
25 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
Pwovèb 22 in Bib La