Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 22:23-28 in Haitian

Help us?

Pwovèb 22:23-28 in Bib La

23 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
24 Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.
25 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
26 Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.
27 Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
28 Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.
Pwovèb 22 in Bib La