Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 22:17-29 in Haitian

Help us?

Pwovèb 22:17-29 in Bib La

17 Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
18 L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.
19 Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.
20 Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.
21 Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:
22 Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.
23 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
24 Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.
25 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
26 Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.
27 Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
28 Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.
29 Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
Pwovèb 22 in Bib La