Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 20:13-28 in Haitian

Help us?

Pwovèb 20:13-28 in Bib La

13 Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.
14 Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.
15 Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.
16 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
17 Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
18 Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
19 Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20 Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.
21 Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.
22 Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.
23 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.
24 Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
25 Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
26 Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
27 Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
28 Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.
Pwovèb 20 in Bib La