Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 19:25-28 in Haitian

Help us?

Pwovèb 19:25-28 in Bib La

25 Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans.
26 Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.
27 Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
28 Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
Pwovèb 19 in Bib La