Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 19:10-29 in Haitian

Help us?

Pwovèb 19:10-29 in Bib La

10 Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.
11 Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
12 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
13 Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.
14 Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
15 Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
16 Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri.
17 Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
18 Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.
19 Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.
20 Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
21 Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
22 Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.
23 Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.
24 Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.
25 Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans.
26 Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.
27 Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
28 Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
29 Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.
Pwovèb 19 in Bib La