Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 17:7-22 in Haitian

Help us?

Pwovèb 17:7-22 in Bib La

7 Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti.
8 Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.
9 Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.
10 Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.
11 Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.
12 Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.
13 Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.
14 Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.
15 Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
16 Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.
17 Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
18 Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.
19 Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
20 Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.
21 Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.
22 Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.
Pwovèb 17 in Bib La