Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 17:20-28 in Haitian

Help us?

Pwovèb 17:20-28 in Bib La

20 Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.
21 Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.
22 Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.
23 Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.
24 Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.
25 Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.
26 Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.
27 Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.
28 Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.
Pwovèb 17 in Bib La