Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 14:17-28 in Haitian

Help us?

Pwovèb 14:17-28 in Bib La

17 Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz.
18 Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.
19 Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo.
20 Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
21 Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
22 Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
23 Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.
24 Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.
25 Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.
26 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.
27 Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.
28 Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.
Pwovèb 14 in Bib La