Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 12:7-10 in Haitian

Help us?

Pwovèb 12:7-10 in Bib La

7 Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la.
8 Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.
9 Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou.
10 Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray.
Pwovèb 12 in Bib La