22 Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
23 Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
24 Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.
25 Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.
26 Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.
27 Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.
28 Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.