19 Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
20 Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.
21 Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.
22 Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
23 Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
24 Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.
25 Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.