Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 12:13-28 in Haitian

Help us?

Pwovèb 12:13-28 in Bib La

13 Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa.
14 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
15 Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
16 Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann.
17 Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.
18 Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.
19 Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
20 Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.
21 Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.
22 Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
23 Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
24 Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.
25 Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.
26 Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.
27 Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.
28 Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.
Pwovèb 12 in Bib La