38Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.
39Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.
40Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.
41Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.
42Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.
43Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Men, li pa jwenn.
44Lè sa a, li di nan kè l': M'ap tounen lakay mwen, kote m' soti a. Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje.