Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 23

Lik 23:13-22

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la.
14Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo.
15Ewòd pa jwenn li koupab non plis. Men li voye l' tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò.
16Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li.
17Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo.
18Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
19Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.
20Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò.
21Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa!
22Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?

Read Lik 23Lik 23
Compare Lik 23:13-22Lik 23:13-22