Text copied!
Bibles in Haitian

Lik 1:32-55 in Haitian

Help us?

Lik 1:32-55 in Bib La

32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li.
33 La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.
34 Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason!
35 Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.
36 Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès.
37 Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
38 Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.
39 Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a.
40 Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou.
41 Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri.
42 Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li.
43 Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit?
44 Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan.
45 Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.
46 Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.
47 Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
48 Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!
49 Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.
50 L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.
51 Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.
52 Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.
53 Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.
54 Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,
55 pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.
Lik 1 in Bib La