Text copied!
Bibles in Haitian

Lik 1:10-32 in Haitian

Help us?

Lik 1:10-32 in Bib La

10 Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.
11 Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an.
12 Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil.
13 Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.
14 Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a.
15 L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.
16 L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a.
17 L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.
18 Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.
19 Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou.
20 Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.
21 Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan.
22 Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale.
23 Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li.
24 Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di:
25 Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se koulye a sa fè l' plezi pou l' wete dezonè m' devan lèzòm.
26 Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt.
27 Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.
28 Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou.
29 Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di.
30 Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.
31 Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.
32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li.
Lik 1 in Bib La