Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 19

Lik 19:14-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
14Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.
15Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè.
16Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò.
17Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen.
18Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès.
19Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil.
20Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa.
21Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen.
22Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen,
23poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè.
24Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li.

Read Lik 19Lik 19
Compare Lik 19:14-24Lik 19:14-24