Text copied!
Bibles in Haitian

Levitik 11:7-22 in Haitian

Help us?

Levitik 11:7-22 in Bib La

7 Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.
8 Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
9 Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo.
10 Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo.
11 Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.
12 Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo.
13 Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
14 Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,
15 tout kalite kònèy,
16 otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
17 koukou, plonjon, frize,
18 gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt,
19 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye.
20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.
21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote,
22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt.
Levitik 11 in Bib La