Text copied!
Bibles in Haitian

Jozye 10:27-36 in Haitian

Help us?

Jozye 10:27-36 in Bib La

27 Lè solèy fin kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav yo, epi pou yo voye yo jete nan gwòt kote yo te kache a. Apre sa, yo pran gwo wòch yo bouche bouch gwòt la. Wòch yo la jouk jòdi a.
28 Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.
29 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.
30 Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a.
31 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Libna, y' al atake Lakis. Yo sènen lavil la nèt.
32 Seyè a lage lavil Lakis nan men moun pèp Izrayèl yo. Sou dezyèm jou a, yo pran lavil la. Li fè yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la, menm jan yo te fè l' nan lavil Libna a, san li pa kite yonn chape.
33 Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape.
34 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite lavil Lakis, y' al atake lavil Eglon. Yo sènen l' nèt.
35 Menm jou a, yo pran lavil la, yo touye tout moun ladan l'. Wi, jou sa a, tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki t'ap viv la, menm jan yo te fè l' nan lavil Lakis la.
36 Apre sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon.
Jozye 10 in Bib La