Text copied!
Bibles in Haitian

Jij 20:14-25 in Haitian

Help us?

Jij 20:14-25 in Bib La

14 Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y' al goumen ak rès pèp Izrayèl la.
15 Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (026.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (0700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.
16 Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (0700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa.
17 Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (0400.000) gason ki te konn goumen.
18 Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a.
19 Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya.
20 Lèfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya.
21 Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.
22 Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen.
23 Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.
24 Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa.
25 Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (018.000) solda nan lame pèp Izrayèl la.
Jij 20 in Bib La