Text copied!
Bibles in Haitian

Jij 18:20-26 in Haitian

Help us?

Jij 18:20-26 in Bib La

20 Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati an bwa a, ak lòt zidòl wogatwa yo, epi l' ale ansanm ak yo.
21 Mesye yo reprann chemen yo, y' al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo.
22 Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinaj kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapouswiv moun Dann yo.
23 Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: -Sa ki genyen? Pouki tout moun sa yo dèyè nou an?
24 Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a?
25 Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.
26 Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l', li tounen tounen l', l' al lakay li.
Jij 18 in Bib La