33 Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pa t' janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pa t' vle koute m', yo pa vle aprann.
34 Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò.
35 Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.
36 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Koulye a mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan.
37 Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.