27Li reponn yo: Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m' redi l' ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li?
28Yo joure l', yo di l' konsa: Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz.
29Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l' soti.
30Nonm lan reponn yo: Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l' soti? Epi, se li menm ki louvri je m' yo!
31Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li.
32Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè.