43Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi.
44Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.
45Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?
46Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
47Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou?
48Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?
49Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!