Text copied!
Bibles in Haitian

Jan 5:25-43 in Haitian

Help us?

Jan 5:25-43 in Bib La

25 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.
26 Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.
27 Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.
28 Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li,
29 yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
30 Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.
31 Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.
32 Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite.
33 Nou te voye moun bò kot Jan. Li te di nou verite a jan l' ye a.
34 Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove.
35 Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.
36 Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen.
37 Papa ki voye m' lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l', ni nou pa janm wè figi li.
38 Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.
39 N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.
40 Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.
41 Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.
42 Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.
43 Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li.
Jan 5 in Bib La