Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 11

Jan 11:41-53

Help us?
Click on verse(s) to share them!
41Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.
42Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
43Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!
44Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.
45Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.
46Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.
47Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.
48Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.
49Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen!
50Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.
51(Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.
52Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)
53Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.

Read Jan 11Jan 11
Compare Jan 11:41-53Jan 11:41-53