Text copied!
Bibles in Haitian

Jòb 34:18-34 in Haitian

Help us?

Jòb 34:18-34 in Bib La

18 Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.
19 Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
20 Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li.
21 L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.
22 Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.
23 Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo.
24 Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo.
25 Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'.
26 Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè.
27 Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo.
28 Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.
29 Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
30 Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la.
31 Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
32 Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.
33 Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou.
34 Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa:
Jòb 34 in Bib La