Text copied!
Bibles in Haitian

1 Wa 7:5-20 in Haitian

Help us?

1 Wa 7:5-20 in Bib La

5 Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt.
6 Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant.
7 Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.
8 Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la.
9 Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.
10 Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Genyen ladan yo ki te gen douz pye longè.
11 Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd.
12 Gwo lakou palè a te fèmen ak yon miray fèt ak twa ranje wòch pou chak ranje madriye sèd, tankou lakou anndan ak lakou devan Tanp lan.
13 Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.
14 Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.
15 Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan.
16 Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè.
17 Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto.
18 Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo.
19 Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè.
20 Sou rebò anwo chak tèt poto yo, te gen yon vant resoti ki te anwo desen ti chenn yo, ak desan pòtre grenad sou de ranje ki te fè wonn chak poto yo.
1 Wa 7 in Bib La