Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 7

Travay 7:2-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan.
3Bondye di l' konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l'. Ale nan peyi m'a moutre ou la.
4Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l' kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv koulye a.
5Lè sa a, Bondye pa t' bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l' peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pa t' gen pitit.
6Men sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo gen pou y' al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an).
7Men, Bondye di l' ankò: Se mwen menm k'ap peni nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a soti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m' isit la.
8Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.
9Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.
10Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.
11Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje.
12Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa.

Read Travay 7Travay 7
Compare Travay 7:2-12Travay 7:2-12