Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 5

Travay 5:3-20

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?
4Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.
5Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.
6Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li.
7Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre.
8Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a.
9Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou.
10Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li.
11Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil.
12Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.
13Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo.
14Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.
15Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo.
16Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.
17Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li.
18Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon.
19Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo:
20Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a.

Read Travay 5Travay 5
Compare Travay 5:3-20Travay 5:3-20