Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 27

Travay 27:17-38

Help us?
Click on verse(s) to share them!
17Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.
18Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo.
19Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo.
20Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.
21Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.
22Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi.
23Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',
24li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.
25Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.
26Men, nou pral chwe sou yon zile.
27Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè.
28Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase.
29Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve.
30Marin yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an.
31Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.
32Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l' ale.
33Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann.
34Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l' pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.
35Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.
36Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje.
37Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an.
38Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.

Read Travay 27Travay 27
Compare Travay 27:17-38Travay 27:17-38