Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 27

Travay 27:13-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la.
14Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la.
15Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale.
16Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a.
17Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.

Read Travay 27Travay 27
Compare Travay 27:13-17Travay 27:13-17