Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 20

Travay 20:10-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri.
11Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati.
12Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.
13Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye.
14Lè l' vin jwenn nou Asòs, nou pran l' abò a, epi n' ale Mitilèn.
15Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè.
16Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.
17Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li.
18Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.

Read Travay 20Travay 20
Compare Travay 20:10-18Travay 20:10-18