Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 16

Travay 16:19-38

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo.
20Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye.
21Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo.
22Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt.
23Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen.
24Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.
25Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute.
26Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
27Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove.
28Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.
29Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.
30Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?
31Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
32Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li.
33Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.
34Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye.
35Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo.
36Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze.
37Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.
38Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè.

Read Travay 16Travay 16
Compare Travay 16:19-38Travay 16:19-38