Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 16

Travay 16:1-4

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.
2Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote.
3Pòl te vle mennen l' avèk li. Li pran l', li sikonsi l' paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk.
4Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an.

Read Travay 16Travay 16
Compare Travay 16:1-4Travay 16:1-4