Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 10

Travay 10:41-44

Help us?
Click on verse(s) to share them!
41Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò.
42Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.
43Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
44Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la.

Read Travay 10Travay 10
Compare Travay 10:41-44Travay 10:41-44