Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 97

Sòm 97:1-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
2Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
3Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
5Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
6Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
8Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
9Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
10Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.

Read Sòm 97Sòm 97
Compare Sòm 97:1-10Sòm 97:1-10