Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 94

Sòm 94:4-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
5Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.
6Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.
7Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!
8Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?
9Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?
10Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen?
11Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen.
12Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,
13pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.
14Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.

Read Sòm 94Sòm 94
Compare Sòm 94:4-14Sòm 94:4-14