3Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann?
4Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
5Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.
6Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.
7Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!
8Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?
9Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?