Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 92

Sòm 92:2-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(092:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
3(092:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
4(092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
5(092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
6(092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
7(092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
8(092:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
9(092:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
10(092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
11(092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.

Read Sòm 92Sòm 92
Compare Sòm 92:2-11Sòm 92:2-11