Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 91

Sòm 91:2-16

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
3Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.
4L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
5Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.
6Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.
7Mil (01.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (010.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.
8W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.
9Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,
10okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.
11Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.
12Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
13W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.
14Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
15Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.
16M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.

Read Sòm 91Sòm 91
Compare Sòm 91:2-16Sòm 91:2-16