Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 89

Sòm 89:34-51

Help us?
Click on verse(s) to share them!
34(089:35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.
35(089:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.
36(089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
37(089:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
38(089:39) Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.
39(089:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
40(089:41) Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.
41(089:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
42(089:43) Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.
43(089:44) Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.
44(089:45) Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.
45(089:46) Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.
46(089:47) Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
47(089:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
48(089:49) Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè?
49(089:50) Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?
50(089:51) Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
51(089:52) Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase.

Read Sòm 89Sòm 89
Compare Sòm 89:34-51Sòm 89:34-51