Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 88

Sòm 88:2-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(088:3) Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
3(088:4) Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri.
4(088:5) Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.
5(088:6) Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
6(088:7) Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
7(088:8) Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.
8(088:9) Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
9(088:10) Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
10(088:11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
11(088:12) Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
12(088:13) Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
13(088:14) Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.

Read Sòm 88Sòm 88
Compare Sòm 88:2-13Sòm 88:2-13