Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 83

Sòm 83:5-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5(083:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
6(083:7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,
7(083:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
8(083:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
9(083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
12(083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
13(083:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.

Read Sòm 83Sòm 83
Compare Sòm 83:5-13Sòm 83:5-13