Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 81

Sòm 81:5-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5(081:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:
6(081:7-)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.
7(081:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
8(081:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
9(081:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
10(081:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
11(081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
12(081:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
13(081:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!

Read Sòm 81Sòm 81
Compare Sòm 81:5-13Sòm 81:5-13